5:1 ¶ Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l'.
5:2 Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
5:3 Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l' tè t koupe, li rele l' Sè t.
5:4 Apre nesans Sè t, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:5 Lè Adan mouri li te gen nè fsantrantan (930 an).
5:6 ¶ Sè t te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
5:7 Apre nesans Enòk, Sè t viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:8 Lè Sè t mouri, li te gen nè fsandouzan (912 an).
5:9 Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
5:10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:11 Lè Enòk mouri, li te gen nè fsansenkan (905 an).
5:12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyè l.
5:13 Apre nesans Malaleyè l, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:14 Lè Kenan mouri, li te gen nè fsandizan (910 an).
5:15 Malaleyè l te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerè d.
5:16 Apre nesans Jerè d, Malaleyè l viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:17 Lè Malaleyè l mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).
5:18 Jerè d te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
5:19 Apre nesans Enòk, Jerè d viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:20 Lè Jerè d mouri, li te gen nè fsanswasanndezan (962 an).
5:21 ¶ Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
5:22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:23 -
5:24 Enòk te pase tout vi l' ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l' disparè t, paske Bondye te pran l' avè l'.
5:25 ¶ Metouchela te gen sankatrevensè tan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemè k.
5:26 Apre nesans Lemè k, Metouchela viv sè tsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:27 Lè Metouchela mouri, li te gen nè fsanswantnevan (969 an).
5:28 ¶ Lemè k te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
5:29 Li rele l' Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n'ap fè , anba gwo travay nou blije fè avè k men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
5:30 Apre nesans Noe, Lemè k viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5:31 Lè Lemè k mouri, li te gen sè tsanswasanndisetan (777 an).
5:32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sè m, Kam ak Jafè .