Jòm / Psalms 93
93:1 ¶ Seyè a ap gouvènen. Gade jan li gen pouvwa! Gade jan li gen fòs! Latè kanpe fèm nan plas li, anyen pa ka brannen l'.
93:2 Seyè, gouvènman ou lan chita fèm depi nan tan lontan. Ou menm, ou la depi tout tan.
93:3 Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
93:4 Men, Seyè a se sèl chèf nan syèl la. Li gen plis pouvwa pase lanmè a ki fin debòde, li pi fò pase lanm lanmè yo k'ap fè bri.
93:5 Seyè, kòmandman ou yo la pou tout tan. Kay ou se yon kay ki apa pou ou pou tout tan tout tan.
Haitian Creole and Engligh dictionary
/ words list
Online Bible compiled by Nazaire
- Haiti - www.kreyol.com
Keep this site online by supporting out Sponsors - buy a T-Shirt - a Haitian Flag - Coffee Mug
Click here to Buy a Large Haiti Flag today for only $12
Find a Creole Bible or Haitian Books at Amazon
Haitian Book Store