:: haiti film :: haiti :: 18 mai | HAITI :: HAITIAN SOCIAL NETWORK ::
Jòm / Psalms 113
113:1 ¶ Lwanj pou Seyè a! Nou menm k'ap sèvi Seyè a, fè lwanj li!
113:2 Se pou nou nonmen non l' depi koulye a epi pou tout tan tout tan.
113:3 Depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, se pou yo fè lwanj Seyè a!
113:4 Seyè a dominen sou tout nasyon yo. Pouvwa li moute pi wo pase syèl la.
113:5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.
113:6 Li bese je l' pou l' wè sa k'ap pase nan syèl la ak sou latè a.
113:7 Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè.
113:8 Li fè l' chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
113:9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l' kontan lakay li, li ba l' pitit. Lwanj pou Seyè a!
Haitian Creole and Engligh dictionary
/ words list
Online Bible compiled by Nazaire
- Haiti - www.kreyol.com
Keep this site online by supporting out Sponsors - buy a T-Shirt - a Haitian Flag - Coffee Mug
:: haitian art :: haiti
Find a Creole Bible or Haitian Books at Amazon
Haitian Book Store